• About
  • Get Jnews
  • Contcat Us
mardi, mai 24, 2022
Ansante
  • San katimini
  • koze nouriti
  • San katimini
  • koze nouriti
No Result
View All Result
Ansante
No Result
View All Result
Home Sèks san tabou

« Kap kap voum etenn » sa m pa renmen l !

Sterline Vertilus by Sterline Vertilus
12 juillet 2020
in Sèks san tabou
2
« Kap kap voum etenn » sa m pa renmen l !
0
SHARES
208
VIEWS
Share on FacebookShare on Twitter

Ala gwo pwoblèm se lè ou leve byen kontan, ou prepare w pou w al byen pase. Depi yè ou lave machin ou byen lave, ou foul li ak gaz, ou panse w pral ouvè kò w, dayè ou pa fanm Rav4, se Audi ak Benz ki pa w ! Poutan, pase kle, hmmm pwoblèm kòmanse ! Ou tande se zoukoutap zoukoutap. Li resi pati, ou panse w fin bon, li kanpe nan wout ! Heyyy, ou genlè pran nan « kap kap voum etenn » !

Mesyedam mwen pa pral pran tan m bay eksplikasyon non paske m konnen nou tout konn de kisa m ap pale. Si nou ouvri lyen sa pou n li atik sa mwen panse nou granmoun ! Men m konnen gen kòmantè ki kòmanse ap pati tou ! Gen medam ki kòmanse ap panse ak èks yo oubyen blòdè ki la kounya a. Gen mesye k ap mande tèt yo si yo pa yon « kap kap voum etenn » alafen, gen yon lòt pati ki tèlman kwè nan tèt yo k ap sèmante sa p ap janm rive yo. Hmmm chalmas pa t janm pa gen koze ! M pa konn nan ki kategori ou ye men m konnen si w potko konn fenomèn « mouri leve » a w ap viv li kanmèm ke w te fi oubyen gason.

READ ALSO

Li pa sou manje l!

Li di m dous!

Pou atik sa m panse nou p ap bliye modòd la tou ! Pran ti chèz ba nou, kòmanse lekti an lè nou vle men pa bliye bese volim nan tanpri ! Mwen pa vle deblozay pati sou ti tèt tèks mwen an souple !

Pou sa ki poko sou men yo toujou, yon « kap kap voum etenn » se yon endividi k ap tonbe leve toutan. Men nan ka sa se pa tout kò l non ki mòlòlò yon sèl kou, se ti pati sa k ap fè medam yo fou a ! Ti pati sa mesye yo konsidere kòm pi gwo bijou Bondye te ka ba yo. Nou renmen rele l « bwa » sanble se paske li renmen kanpe rèd. Men gwo van konn pa pase, pa gen siklòn, yon ti gout lapli pa tonbe, bwa te byen pwòp ak ou epi ou tande bwa ploye, bwa malad, bwa pa ka kanpe, ou chante pou bwa, ou manyen bwa, ou karese bwa, ou miyonnen bwa ou menm rive souse bwa….hmmm, bwa sanble pa kapab ankò !

Lè konsa mèt bwa pa ka kenbe lawonte, li fache, li estomake, fanm ki t ap pran swen bwa a konn minimize ka bwa a, li di bwa pa gen anyen, bwa se rize l ap fè, oubyen tou li kòmanse joure mèt bwa tou. Men, èske n konnen konpòtman nou sèlman ka fè bwa leve oubyen touye bwa nèt ? Èske nou konnen tou yon senp bagay ki pa mache ka fè bwa malad san nou pa konnen ? Ann al evalye ka bwa a ansanm mesyedam !

Fòk nou konnen bwa se yon pasyan ki frajil, nenpòt bagay nou pa ta menm panse ka aji sou li epi baw ! Bwa kòmanse fè bèk atè jiskaske li mouri nèt !
M ap kòmanse ak ou menm ki mèt bwa ! Wi, ou menm menm ! M pa bezwen konn si bwa te gwo ni si l te piti, depi w gen bwa se ou ki mèt afè w ! Ou se sa nou ta rele yon « propriétaire de bwa ». Panse w se youn nan bagay ki konn voye bwa lopital ! Ou pa kwè ? Ebyen ban m eksplike w byen !

Ou konn leve nan maten bwa byen rèd, lè w ap bat laponyèt, bwa rete byen long tankou yon epe men….depi w parèt devan fanm sa ou pa konn sa ki rive men bwa pa vle kanpe oubyen pandan pou fin estat podyab, bwa tonbe de pye long. Kisa ki rive menm ?

Premye bagay la se kòmanse poze tèt ou kesyon paske se sa ki pral fè w jwenn ki kote pwoblèm nan ye vre. Èske ou renmen bwa ? Ou pa wont li paske selon ou menm li twò kout ? Sa se youn nan panse ki konn lage bwa atè anpil. Nan chèche konpare bwa pa w avèk yon lòt sa konn rive ou vin stresse lè pou w brandi materyèl la, epi sa w tande a « kap kap voum etenn ».

Anplis de sa mande tèt ou tou èske ou kwè nan bwa ? Wi, sitou lè se premye fwa ou pral fè bagay ak yon fanm, laperèz pou wpa ka dire oubyen pou w pa ka satisfè l tou konn ogmante estrès ou tou. Sa ki pral fè w bay yon lòt kap kap voum etenn nòmal.

Men, se pa sa sèlman ki konn rive. Koze kote nou fin ap diskite a epi sa w tande a se sou kabann nou wè nou epi bwa ap voye monte a sanble se bagay fim sèlman. Nan reyalite a, lè nou fin joure byen joure, bwa konn fache tou li di li pap bay sèvis li menm. Kòman fè ou fin trete l de aryennafè epi pou l vin ba w plezi ? Bwa konn di tou : « Mwen menm mwen pa sanwont ».

Men an n serye ti mesye, gen de fwa se nou ki fè bwa pa vle rete kanpe tou. Kòman fè pandan bwa ap travay byen travay epi se lè sa nou kòmanse ap panse ak patwon k ap bann pwoblèm nan travay la oubyen mil goud nou te dwe ti patnè a. Hein ? Sa pa nan game nan ditou.

Men se pa sa sèlman ki ka aji sou bwa. Plen lòt bagay tou ki pa zanmi l tou tankou alkòl ak tabak. Bagay mal manje a tou ak anpil grès ak sik pral aji sou ti malere a tou paske depi san pa byen sikile, bwa gen anpil chans pou l plede mouri leve.

Men si n fè maladi sik, n ap pran medikaman pou tansyon, medikaman pou dòmi, menm ti dwòg n ap pran anba chal la ka aji sou bwa e fè l kòmanse remèt monnen.


Nou fin poze tèt nou kesyon ? Nou jwenn sa ki lakoz bwa konsa ? Kounya se fè diferans lan paske se pa nan tout sitiyasyon pou w kouri al mennen bwa lopital. Ou ka fè bwa revini poukò w. Sizoka ou ta wè bwa gen plis pase twa mwa l ap bay bon « kap kap voum etenn » epi sa kòmanse ba w pwoblèm nan kay la, madanm ap rale bouch, mennaj menm di w ou pa bezwen al pèdi kòb otèl la tanpri, hmmm…..ou nan ka. Mennen bwa lopital rapid vit pou doktè pran ka l.

L ap ede w jwenn koz pwoblèm nan epi goumen kont li. Li ka menm pwopoze w kèk medikaman tou tankou « viagra, sialis ak levitra » men dòz la pral depann tou de pwoblèm ou genyen an.

Men premye remèd la ti mesye, m ap di nou sa jodi a se « Relax ». Pa met nan tèt nou nou pral fè bèk atè depi anvan n monte teren an. Pi gwo defi pou nou leve a se « kwè nan tèt nou ». Si w ap choute epi ou gentan pè gadyen an, pye w ap tranble, sa w panse ki pral rive ? Gòl ki pral pati oubyen se nan poto w ap sezi wè boul lan ap tonbe ?

Medam, fò m pale ak nou tou. Pa pè di nèg la « kap kap voum etenn » lan pa fè n plezi. Men m toujou di nou gonw jan pou n fè l. Pa parèt ap di l : » Baz, ou pa sot fè anyen la ? Bon menm bwa w paka kanpe ? Sa w vo menm ? « ….Twa kout soupi pou yon nèg ki jwenn kòmantè sa. Pito w bwose bagay la men pa twòp tou pou l pa santi se yon ti pwoblèm minim. Ou ka di l : « Cheri, m pa t fin satisfè non jodi an. Bwa toujou fè kè m kontan men m santi l te on jan twò mou talè an. Ou anvi m mase l pou ou bebe? M pa kache di w, l ap pi byen kontan epi konsa n a chache kote pwoblèm nan ye ansanm pou n rezoud li.

Ti mesye, pa al kraze lestomak nou ak towo ak magi tanpri, depi nou konn sa bwa genyen, medikaman an p ap lwen. Kòmanse mare fache ak lenmi bwa yo tou paske antanke « propriétaire de bwa » ou pa ka rete nan kòkòday ak tabak ak alkòl epi pil grès ak sik nan manje w. Ranje kabann ou byen patizan.

Bwa frajil mesyedam, bwa ka rete la byen pwòp avè w epi sa w tande a li tonbe. Leve bwa, souke l, li pa ka leve. Byen pran swen bwa tanpri pou n pa tonbe nan kont. Ou menm ki mèt bwa, pran tèt ou, « Relax » tanpri pou bwa ka bay bon sèvis. Ou menm k ap pran swen bwa ? Pa neglije manyen l, souke l, chouchoute l, souse l pou w fè kè l kontan. « Bwa dwe di, bwa dwe rèd, bwa dwe gen fòs, bwa dwe nan bòl grès li ».

Sterline VERTILUS

Referans

1)https://www.docteurclic.com/symptome/pannes-sexuelles.aspx

2)https://www.doctipharma.fr/conseils-de-pharmacien/article/troubles-de-lerection-impuissance-causes-et-traitements

3)https://www.dysfonction-erectile.com/dysfonction-erectile/causes-psychologiques/

Related Posts

Li pa sou manje l!
Sèks san tabou

Li pa sou manje l!

4 octobre 2020
Li di m dous!
Sèks san tabou

Li di m dous!

27 septembre 2020
Mwen pè vini!
Sèks san tabou

Mwen pè vini!

12 septembre 2020
Apre koupe tanbou lou
Sèks san tabou

Apre koupe tanbou lou

30 août 2020
M oblije kite pòno!
Sèks san tabou

M oblije kite pòno!

15 août 2020
Pase alimèt, mete dife!
Sèks san tabou

Pase alimèt, mete dife!

26 juillet 2020
Next Post
GEN BLAKAWOUT SE VRE MEN VEYE FIL KOURAN

GEN BLAKAWOUT SE VRE MEN VEYE FIL KOURAN

Comments 2

  1. shiellers says:
    2 ans ago

    http://onlinecasinouse.com/# free casino http://onlinecasinouse.com/# – online casino bonus casino real money

    Répondre
  2. shiellers says:
    2 ans ago

    real casino slots http://onlinecasinouse.com/# casino play casino online slots free casino games online

    Répondre

Laisser un commentaire Annuler la réponse

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

POPULAR NEWS

« Nudes » k ap tiye m

« Nudes » k ap tiye m

3 mai 2020
Byen chwazi pòz ou !

Byen chwazi pòz ou !

3 avril 2020
Tout moun renmen souse !!!

Tout moun renmen souse !!!

6 juin 2020
Bonjou orevwa sa resi twòp !

Bonjou orevwa sa resi twòp !

18 avril 2020
Vajen :  mwen tounen yon konplèks

Vajen : mwen tounen yon konplèks

17 mai 2020

EDITOR'S PICK

Manje ak bon abitid pou ret jèn pi lontan

Manje ak bon abitid pou ret jèn pi lontan

26 septembre 2020
« Perturbateur endocrinien » : Yon seri pwodui chimik k ap nwi sante nou an silans

« Perturbateur endocrinien » : Yon seri pwodui chimik k ap nwi sante nou an silans

26 août 2020
M pa vle regrèt demen m!

M pa vle regrèt demen m!

29 août 2020
Eske ou konnen ou ka pran maladi nan fè tibèf ?

Eske ou konnen ou ka pran maladi nan fè tibèf ?

25 février 2020

Copyright © 2020 | ANSANTE Powered By Vericore Media Group

No Result
View All Result
  • Homepages
    • Home Page 1
    • Home Page 2
  • San katimini
  • koze nouriti
  • Yon atik pou lasyans

Copyright © 2020 | ANSANTE Powered By Vericore Media Group

Login to your account below

Forgotten Password?

Fill the forms bellow to register

All fields are required. Log In

Retrieve your password

Please enter your username or email address to reset your password.

Log In